VYE “RÈVALITE”



Kote ou pase

Fwaye kraze, fanmi yo divize

Ti moun yo menm lage

Yo dezole gen k vin ate


N ap viv nan ou sosyete

Kote de pye tout moun mare

Avèk kòd vanite satan mete

Pou antrave n


Mwen di reveye n

Paske vye rev sa ka vin vre

Mwen di louvri je n

An nou fikse yo sou bondye

Mwen di leve pye n

mache pi pre moralite

Mwen di an n mache

sou wout renmen ak verite


Paran ki demisyone

Li pa twò ta pou n rekòmanse

Asime responsabilite

Bondye te konfye n.

Timoun bezwen bon egzanp.

Pasyans, tan ak atansyon

fò n pran misyon n a tan

chimen legliz se solisyon.





SANCTE SPIRITUS



(Refrain)


Veni Sancte Spiritus (3 X).

Viens O Esprit Saint.


Amour qui engendre Jésus,

Amour qui bâtit l’Eglise,

Amour du Père et du Fils.

Viens O Esprit Saint.


Fais rayonner sur nos âmes,

la splendeur de ta pureté.

Fais exploser dans nos cœurs,

les fruits de tes grâces.


Conseil, et crainte de Dieu,

sagesse, Force et piété,

La Science et l’intelligence.

Viens O Esprit Saint.


POU SA DIRE



Cheri mwen pa konprann,

pou depi tan n ansanm

Pou jodi a w ap banm presyon

pou n ka fe sa ansanm

Pou w ka konnen m renmen ou.

Wi mwen konnen li pa fasil,

paske anpil zanmi n ap fè li,

Nou rive lwen san li,

pouki n pa kenbe pi lontan,

Sonje sa n te pale avan.


Depi okòmansman,

se vre nou te dakò,

ke fònikasyon

Pa yon bon fondasyon,

si nou vle yon sen relasyon.

Men cheri, tantasyon,

men cheri anpil tantasyon


Ak lèd bondye an nou kenbe,

nou ka kenbe san nou pa lage,

Ak lèd Bondye wi n ap kenbe,

fò nou kenbe pou sa dire.


Nan sosyete ke nou ye,

sèksyalite blayi tout kote.

Yo pa ban n chans se vre,

men cheri ou pa ka lage.

Se vre nou ka tante,

sa pa vle di pou n kite kò n ale.

Cheri ou pa ka lage,

si ou lage ki kote m ye.


(Refren)


Lese ale pa fè plezi Bondye,

plezi sèks ka voye n lwen Bondye,

Nou twò damou

pou n kite sa rive ede m kenbe.

Si pye n chape nou ta tonbe,

fò n priye pou n ka releve.

Ede m kenbe m ap ede w kenbe

nan tan Bondye nou va marye.

An nou kenbe pou sa dire,

an nou kenbe jouk nou marye.




POU M KA SÈVI W



Papa ou vle ke m ba ou lavi mwen,

tout sa mwen ye tout sa m posede.

Richès mwen yo ak feblès mwen yo,

Ou vle m lage kò m pou w ka banm fòm.

Pou m sèvi w jan ou vle, m bezwen fòs ou,

kijan pou m jwenn li si w pa banmwen l.

Fòs pou mwen leve ckak fwa m tonbe,

fòs pou mwen kenbe lè m vle lage.

Konfyans ou m bezwen

pou m pa plenyen.

Lè m pa santi ou nan lavi mwen.

Konfyans pou m vanse lè m pa we klè,

nan fason w vle gouvène vi mwen.



Papa ou vle ke m ba ou lavi mwen,

tout sa mwen ye tout sa m posede.

Tristès mwen yo ak pwoblèm mwen yo,

mwen vle m lage ko m pou w ka banm fom.

Pou m sèvi w jan m vle, m bezwen fòs ou,

m konnen m ap jwenn li si m mande w li.

Ak fòs ou ma leve ckak fwa m tonbe,

ak li ma kenbe lè m vle lage.

Ak konfyans ou

non mwen pap plenyen.

Lè m pa santi ou nan lavi mwen.

Ak li ma vanse lè m pa wè klè,

nan fason ou vle gouvène vi mwen.



AIME-MOI



Je connais ta misère,

les faiblesses de ton corps,

je sais ta lacheté

tes péchés tes infirmités.

Dan la fidélité ou l’infidélité,

que tu brûles de ferveur

ou que tu sois dans la sécheresse


(Refrain)


Aime Moi, aime Moi,

n’attends pas d’être parfait.

Aime moi, viens suis moi,

n’ attends point que tu sois saint.


Attendre d’être parfait,

pour m’aimer comme tu veux.

C’est vouloir renfermer

toute la mer dans un bouteille.

Aime comme tu peux,

chaque jour de ton mieux,

Mon Amour sans mesure,

t’aidera a m’aimer comme je le veux.


Mon Amour est plus fort que tout

Bien plus fort que même tes péchés

Miséricorde, c’est mon nonm, ne crains pas

Aime Moi comme tu es.



KENBE JEZI “TIGHT”



Jezi se tout bagay pou mwen

m pa pè avwe l.

O li fe twòp pou mwen

pou m ta wont temwaye l.

Nan tout difikilte, se li k toujou ede m.

Si m ap viv jodiya se paske l pwoteje m.


Nan tout enpas m rive

se lik toujou banm wout.

Se li ki banm pasyans,

lè m santi mwen about.

Ak tout defo m genyen,

ke rankontre chak jou.

Se pou sa m Kenbe Jezi “Tight”.


Kenbe Jezi “Tight”, “Tight”,“Tight”,

frè mwen.

Kenbe Jezi “Tight”, “Tight”,“Tight”,

sè mwen..


Lavi a fè ou wè koulè,

se Li ki pou fè ou wè klè

Lè pwoblèm ak ou fè youn,

avè w li menm li fè youn.

Menm lè peche voye w lwen,

se Li ki pou ba ou lanmen.

Kenbe men l tight pal age l,

si ou ta vle yon jou rive.


Pa janm kwè ou fin rive,

san Li ou pap janm rive.

Lè lavi a ba ou degou,

se Li ka reba l gou.

Gou lavi a se Jezi,

ki damou nou pase tèt nou,

Do L laj Li papè pwoblèm,

pa gen anyen L pa ka fè

Kenbe Jezi tight.



MISÉRICORDE



(Inspiré du Chapelet à la Miséricorde Divine)


Père Eternel,

je t’offre le corps et le sang,

L’âme et la divinité,

de ton fils bien-aimé notre Seigneur

Jésus-Christ.,

En rémission de nos péchés,

et de ceux du monde entier,

Par sa douloureuse passion,

pitié pour nous,

miséricorde, pitié pour nous.


Refrain


Pitié, miséricorde. (3 fois)

Pour tous tes enfants Seigneur,

pour le monde qui meurt Seigneur.


Bien que nous sachions

que ton Amour brille plus fort

Que toute faute, tout péchés,

l’odeur et la laideur de nos offenses,

nous font peur.

Tu veux que le monde entier

se baigne dans ta miséricorde

Fais grandir dans nos cœurs

la répugnance, du péché,

de nos fautes, de nos erreurs.






TANKOU ENSTRIMAN



Bondye lavi m nan men w

tankou yon enstriman,

Jwe m jan ou vle m

pa vle bay son ki dezakòde.

Si se ou ki jwe m

li va sonnen kon senfoni,

Si se mwen ki jwe l

li va sonnen kon kakofoni.


(Refren 1) 

Gita lavi m nan men Ou,

graje l jan ou vle.

Volim lafwa m nan men Ou.

monte l jan Ou vle.

Tanbou lanmou m nan men Ou,

woule l jan Ou vle.

Twonpèt lavi m nan men Ou,

soufle l jan Ou vle.


Paske parès, kòlè,

anvi, ipokrizi,

fè m jwe mizik lavi m

tankou kakofoni.

Paske la hèn, ògèy,

rankin, ak jalouzi,

anpeche w kondwi lavi m

jan Ou vle Jezi.


(Refren 2)

Kreyon lavi m nan men Ou,

ekri l jan Ou vle.

Gòm volonte m nan men Ou,

efase l jan Ou vle.

Konpa lavi m nan men Ou,

mache l jan Ou vle.

Miksè lavi m nan men Ou,

ba l son Ou vle.


Ala bèl bagay

lè gita byen akode,

Mizik ape tonbe,

tout moun anvi chante.

Papa Bondye,

se konsa lavi m dweye

Ou mèt jwe mwen Ou vle,

anwo nan syèl la wa chante.


PA GEN ANYEN JEZI PA KA FÈ



Pa Gen Anyen Jezi Pa Ka Fè (4 fwa)


Sa k fè fè n kontan konsa, (Bis).

Pouki n ap souri konsa ?

sak fè n ap danse konsa ?

Kilès ki pral geri nou?

Kiles ki ka sove nou?

Kilès ki bay lasante?

Kilès ki ka bay travay?


(Refren)


Pa Gen Anyen Jezi Pa Ka Fè (4 fwa). 


Kilès ki mouri pou nou ? 

(R) Jezi se Jezi..

Kilès ki peye det nou ?

(R) Jezi se Jezi..

Kilès ki fè soud tande ?

(R) Jezi se Jezi..

Kilès kifè avèg wè?

(R) Jezi se Jezi..


Kilès ki geri kansè?

(R) Jezi se Jezi..

Kiles ki geri timè?

(R) Jezi se Jezi..

Kilès ki geri SIDA?

(R) Jezi se Jezi..

Kilès ki leve Laza?


Pouki n ap doute konsa?

(R) Bannou plis lafwa.

Pouki n ap kriye konsa ?

(R) Bannou plis lafwa.

(R) Bannou plis lafwa.

Pouki nou dekouraje?

Se pou n di m kot lafwa n ye?


An nou louwe non Jezi ki Wa.

An nou louwe non Jezi ki la a. (BIS)

An nou bat men n pou Jezi ki la a.

An nou danse ak Jezi ki la a.




VIV ANNDAN M



Je mwen fikse nan je Ou,

m vle wè a k je Ou.

Bouch mwen vle pale pou Ou,

prete m vwa pa Ou.

Kè mwen tranpe nan kè Ou,

fonn li nan pa Ou.

Kò mwen lage nan bra Ou,

sere l ak pap ou.


(RefreN)


Viv Anndan m (4 X)


Fòs mwen dekoud nan fòs Ou,

koud li ak pa Ou.

Nanm mwen moulen ak nanm Ou,

bali fò m pa Ou.

Volonte m febli pou Ou,

feblès mwen se Ou.

Tout anndan mwen se pou Ou,

depanse m pou Ou.



ALBUM CREDITS


          

          

Cet album est dédié à ma mère et mentor, Mme Marie-Anne Vesta Paul Jérémie.

Pour ton courage et ta force, ta foi et ta sagesse, et pour le sacrifice de ta vie. 

Une mère comme toi est une espèce en voie de disparition.



Lead Vocals: Didi Jérémie, Ludie A. Darius,

Keyboards: Carly Joseph

Chorus: Didi Jérémie, Berthe Lamour (12), Carly Joseph (7,11), Junior NoÎl (11),

Rebecca D. Dimanche, Brière Jean-Louis (5), McKenzy Jean-Baptiste (6,8),

Guitars/Bass: Pierreson Pierre,

Recorded and mixed by: Carly Joseph assisted by Déky Darius at Alabanza Studio,

Port-au-Prince, Haiti, between February and March 1998,

Arrangements: Carly Joseph, Didi Jérémie  

Cover Photo by: Grégory Figaro,

Graphics: WJ PRODUCTIONS didijeremie@hotmail.com

Executive Producer:Didi Jérémie for WJ PRODUCTIONS

didijeremie@gmail.com 617.298.8854 didijeremie@hotmail.com

All songs composed by: Didi Jérémie except "…Épouse de Dieu" by Joachim "Wawa" Jérémie


Special thanks to my, best friend and partner Illona S. Jérémie,

Ludie & Déky Darius pour votre générosité, Carly & Rose-Mai Joseph, 

mes frères & soeurs: Paulo "STARBRITE", Maggy, Manno, Maggie, Youla, Danie,

Christel & Didine "LES ATELIERS HOMONYM", ma mère Vesta P. Jérémie, mon père, Samuel Jérémie,

Wawa Jérémie, Rose Guerly Jérémie, Marie Rose Jérémie, Berthelot, Barnabé, Rony Jérémie,

Paul Brunel Delonay, to all my cousins, aunts & uncles,thank you.

Mary Ann André, Marie Carmel Noncent, Berthe Lamour, Ben Gelin, Ludwig & Daniel Noncent,

Grégory Figaro, Fito Hyacinthe, Joe Syverain, Le CÈnacle, Audanette David for your guidance,

Gilbert Dabady pour tes conseils, Michel & Judith Bolivar, Josette Rameau, Jean Lucien Ligondé

pour ton grand coeur, Soeur Claire Gagné, Fabien Salomon, Réginald Magloire, Kénel & Magalie Bercy,

Mme. Marie Claude Handal "CRESS", Mme. Raymonde Mourra, Mme. Yolaine Destin

Le Paraclet, Mme. Yolande LÈlio, Mme. Joceline Guilbaud, Madèle M. Boulin, TinËs Dabady, Louis,

Lundi (Groupe de Prière Maria) Flore Lindor, Le Renouveau Charismatique, Linda Pascal, Matine B. Piere, CYCHAMA,

Pasteurs Hérold & Rose Aubourg, Patrick Jérome, Loubert Cadet, Daniel Hilaire, Abner Comeau,

Jean & Carmelle Desgrottes, Adrien Pierre, Moise Dimanche, Marthe Poteau

Info-Jeux Magazine, Radio Lumière, Radio Bonne Nouvelle, Radio Quisqueya, Lesly Surpris Radio Nationale,

Sweet FM, Radio Superstar, Vision 2000, Mérisier Radio Boussole, Télé Diaspora, Tele Kreyòl,

Camera MosaÔque, tous le médias, a tous mes fans merci.

Mon Seigneur (Viv Anndan m).



 

© Copyright 2010 DidiJeremie.com. All rights reserved.